Sèvis Finansye Fonkoze, S.A. (SFF), ki te fonde an 2004, se filyal operasyonèl Fonkoze S.A. Li se prensipal enstitisyon mikwofinans ann Ayiti ki ofri yon seri sèvis finansye konplè pou kominote riral yo. SFF se yon antrepriz ki gen yon doub misyon: ede fanmi ak kominote yo soti nan povrete, pandan l ap fonksyone kòm yon enstitisyon ki finansyèman otonòm.
« Fonkoze » se yon akwonim pou Fondasyon Kole Zèpol. Pwogram mikwofinans Fonkoze ki te komanse avèk Fondasyon Kole Zèpol (Fondasyon an), yon oganizasyon ayisyen san bi likratif ki te fonde nan lane 1994 pa Pè Joseph Philippe CSSp ansanm ak lòt oganizasyon lokal. Fondasyon an te kreye SFF nan lane 2004 pou yo te ka devlope pwogram sa yo yon fason dirab.
Kontinye ap bay sèvis devlopman an kolaborasyon ak SFF. Sèvis sa yo ede kominote defavorize ranfòse kapasite yo pou yo ka jwen aksè ak sèvis finansye, amelyore mwayen pou yo viv epi kreye yon pwosperite dirab.
Fonkoze USA se yon oganizasyon americain 501(c)3 ka p asire sipo finansye pou Fondasyon an epi sensibilize piblik lan sou aktivite tou de patnè ayisyen li ap fè.
Vizyon Fonkoze se pou genyen yon Ayiti kote tout moun ap travay nan kole zèpol pou retire tèt yo nan lamizè
Fonkoze se yon fanmi òganizasyon ki ap travay ansanm pou ofri sèvis finansye ak sèvis ki pa finansye pou pemet tout Ayisyen – sitou fanm yo -jwenn mwayen pou yo retire fanmi yo nan lamizè
Nou fè sa nou di, se konsa nou ye
Respè:
Nan Fonkoze, tout relasyon baze nan lide tout moun gen menm valè ak menm dwa, tout moun se mèt desten pa yo.
Nan Fonkoze, nou kwe fòk nou travay ansanm pou reyisi ; nou ap kolabore ak lòt moun ki gen menm objektif ak nou.
Nou travay ak onè epi respè, nou ap toujou goumen pou nou aprann plis, pou nou vini pi efikas epi fè efò pou patisipan pwogram nou yo pwofite pi byen.
Nou toujou travay tou pre moun ki plis bezwen amelyore lavi yo ak lavi fanmi yo, pendan nou ap pote sèvis nou yo nan kominote yo epi nou ap kolabore ak patisipan pwogram nou.
An kolaborasyon ak lòt aktè ak patnè, Fanmi Fonkoze adopte yon apwòch konplè pou avanse enklizyon ekonomik an Ayiti. Depi plizyè ane, Fonkoze konstwi yon mak solid ak yon repitasyon entènasyonal pou inovasyon ak pou kapasite li genyen pou rive jwenn moun ki te toujou ekskli nan sistèm finansye fòmèl la, sitou nan zòn riral yo.
SEVIS FINANSYE FONKOZE S.A.
FONKOZE S.A.
Fonde an 2004, Sèvis Finansye Fonkoze, S.A. (SFF) se pi gwo enstitisyon mikwofinans lisansye ann Ayiti. Li bay yon seri sèvis finansye tankou mikwokredi ak kredi PME, pwodwi epay, transfè lajan nasyonal ak entènasyonal, chanje lajan, sèvis lajan mobil, ak sèvis pewòl, pou kominote riral atravè tout peyi a.