Nan Sèvis Finansye Fonkoze, S.A. (SFF), nou ofri plizye pwodwi finansye pou reponn bezwen endividyèl, fanmi, ak ti antrepriz , sitou nan zòn riral ki souvan pa jwenn sèvis yo bezwen. Objektif nou se rann sèvis finasye serye epi san danje aksesib pou tout moun.
PWODWI KREDI
Kredi Biznis
Pou kliyan (fanm tankou gason) ki ta renmen devlope biznis yo.
Kèk detay:
Kredi sa yo pi gwo
Kondisyon adapte
Yo disponib an goud
Se pou antreprenè ki gen potansyèl pou grandi biznis yo.
Kredi PME (Piti ak mwayen antrepriz)
Soutni kwasans antrepriz fomel ak semi-fomel ak finansman ki bon pou yo.
Kèk detay:
Montan kredi ki pi gwo pou ekspansyon antrepriz lan
Kondisyon ranbousman endividyel ki adapte ak jan ou ap jere biznis ou
Disponib an goud
Li ka enkli yon asistans teknik oswa sèvis konsèy pou antrepriz
Ideyal pou antrepriz ki djanm epi ki renmen kontinye grandi
Kredi Gwoup
Pou ti machann ki ta renmen devlope biznis yo
Kèk detay:
Opsyon kredi gwoup oswa endividyel
Fomasyon finansye ladan li
Nou ap akonpaye ou epi fe swivi regilye
PWODWI EPAY
Kont Epay
Yon mwayen san danje epi aksesib pou jere kòb ou jan ou vle chak jou oswa le ou gen yon ijans.
Kèk detay:
Pa gen montan minimòm pou koumanse
Disponib an goud (HTG)
Disponib nan tout ajans SFF
Jwenn entere sou montan elijib
Depo a Tèm
Yon jan sekirize ak fasil pou envesti epay ou ak touche entere
Kèk detay :
To enterè fiks
Plasman 3 rive 12 mwa an HTG oswa USD
Kòb lan bloke pandan tout dire plasman an
Ideyal pou objektif mwayen oswa long tem
TRANSFÈ LAJAN / PEWÒL / DISTRIBISYON CASH
Transfè Lajan
SFF ap fasilite tout tranzaksyon voye kob an Ayiti oswa a letranje yon fason rapid, sekirize ak si.
Sèvis sa yo ede fanmi ak kominote an Ayiti jwenn kòb ak voye kòb pou tout bezwen yo.
Patnè
Sèvis pewòl ak distribisyon cash
SFF ap ofri lòt enstitisyon sèvis pewol ak distribisyon cach tout kote an Ayiti :
Peman salè nan ajans pou oganizasyon lokal, egliz, ekol, ONG oswa patnè entenasyonal.
Viman otomatik salè sou kont epay SFF.
Distribisyon cash sou plas pou pwogram « Cash-for-Work ».
Kijan pou jwenn sèvis nou
Sèvis nou disponib nan tout ajans SFF tout kote nan peyi a
Fonde an 2004, Sèvis Finansye Fonkoze, S.A. (SFF) se pi gwo enstitisyon mikwofinans lisansye ann Ayiti. Li bay yon seri sèvis finansye tankou mikwokredi ak kredi PME, pwodwi epay, transfè lajan nasyonal ak entènasyonal, chanje lajan, sèvis lajan mobil, ak sèvis pewòl, pou kominote riral atravè tout peyi a.